Kreyòl Ayisyen (ht) | Chanje Lang (Change Language)

Néverdié

Moringa oleifera
Moringaceae


Orijin

Orijin ak itilizasyon : Morenga ke yo rele “ Benzoliv”, soti nan Nòdwès peyi End. Moun itilize plant sa anpil fason. Fèy, flè ak gous li yo se bon sous nitrisyon pou moun ak bet. Flè li gen nekta pou abèy prodwi bon myèl. Grenn li yo rich ak lwil pou fe manje. Yo sèvi lwil sa tou tankou librifyan. Rasin li se bon sous yo épis ki sanble ak Radicheval. Gen lot pati plant-la yo itilize pou prepare medikaman. Plant sa sèvi pou fè baryè vivan nan konsèvasyon tè, kloti teren ak brizvan. Bwa-a mou anpil, li bon pou fè papye. Li pa ka fè bon chabon, epi li boule vit nan bwa chofaj. Grenn sèch-la pile sèvi menm jan ak yon koagilan chimik ki rele alum nan pirifikasyon dlo. Matyè solid ak bakteri yo koagile, apresa yo poze anba veso-a. Vide dlo klè-a nan yon lòt veso pou bouyi-l. Itilize 100 miligram (anviwon 1 a 1 ½ grenn) grenn pile pou netwaye 1 lit dlo ki soti nan labou. Yon dokiman ki te ekri nan Filipin di « Si nou mete fey moringa anba platbann pepinyè pou yon semèn avan simen grenn l’ap anpeche chanpiyon (fungi) ak maladi pouriti kolet (Damping off). Fèy frèch yo se bon fouraj pou bèt, epi fèy sèch yo se bon konpleman.

Kilti

Reprodiksyon Morenga fet ak grenn oubyen ak bouti. Plante grenn nan 2 santimèt profondè; kenbe te-a imid apre plantasyon. Nòmalman l’ap jèmen nan 1-2 semèn. Si planch-la gen valè fimye li ka jèmen pi vit toujou, 3 – 4 jou. Plantil yo grandi vit. Yo ka rive 3- 4 mèt wotè nan yon sèl sezon. Lè nou koupe tèt pye bwa yo nan wotè 1- 1,5 mèt, sa ankouraje yo pouse anpil branch pi ba sou tij la. Sa fe yon bèl baraj vivan si yo te plante dri. Bouti 4-5 cm diamet ki soti nan branch yo fè rasin fasilman. Menm si bouti-a mezire 1 met longè l’ap fe rasin nan yon te imid. Morenga prefere tè ki byen drene. Li reziste gwo sechrès. Li pa tolere fredi.  Jeneralman, nou pa jwenn morenga nan altitid ki pi wo pase 1350 mèt. PKM se yon varyete ki fè touf. Yo kiltive li pou fèy ak gous.

Rekot ak pwodiksyon semans

Nou ka rekòlte plant la antye. Jèn fèy, ansyen fèy ak flè, tout bon pou manje. Keyi jèn gous mens yo pou manje tankou aspèj (Asparagus). Grenn vèt ki soti nan gous ki pi ansyen yo ka kwit tankou pwa vèt. Keyi gous mi yo pou nou konsève semans. Rasin plantil ki pa depase ½ mèt ka sèvi tankou epis yo rele Radicheval-la. Nou dwe taye ansyen branch k’ap fleri yo chak fwa, yon fason pou ankouraje nouvo branch prodwi fèy pou rekolte.

Pès ak Maldi

Morenga reziste preske tout maladi ak parazit yo, byen ke anpil dlo pouri rasin li.

Kwit ak nitrisyon

Fèy ak fwi morenga gen anpil Kalsyòm ak Fè, se bon sous vitamin B, A ak C (Lè yo kri) ak proteyin (asid amine ki gen souf yo, Méthionine, Cystine). Ou kapab kwit epi manje jèn fèy yo tankou zepina. Flè yo komestib; yo gen gou radi. Itilize flè sèch ak morenga pou fè dite. Sere fèy sèch pile pou sevi tankou sipleman nan soup. Jèn gous yo ka fè bon legim menm jan ak aspèj. Si nou pile grenn yo, kraze yo nan yon pwalon epi bouyi yo ak dlo, y’ap bay yon lwil kizin (sanble ak lwil oliv) k’ap flote sou dlo a. Toutotan lwil la rete plis l’ap vin pi rans. Si ou swete resevwa kek « resèt morenga », ekri ECHO pou mande nòt teknik reset sa.


Common Names

  • English
    • Moringa
    • Drumstick tree
    • Ben Tree
    • Benzolive
    • Horseradish Tree
    • Malunggay
    • Ben Oléifère
    • Ben Ailé
    • Drumstick Tree
  • French
    • moringa
    • pois quénique
  • Spanish
    • Moringa Marango
  • Thai
    • มะรุม
  • Hindi
    • मनुगा
  • Japanese
    • マルンガイ
    • モリンガ ・ オレイフェラ
    • ワサビノキ

View Varieties