Kreyòl Ayisyen (ht) | Chanje Lang (Change Language)

Moringa stenopetala
Moringaceae


Orijin

Orijin ak itilizasyon: Morenga stenopetala rele “Morenga afriken” paske li soti Selman nan Etyopi ak Nò Kenya. Menm lè li gaye nan anpil peyi tropical kounye-a, li pa gen repitasyon pwòch paran li Moringa oleifera. Tout pati plant sa ka manje, eksepte bwa-a. Aliman li bay yo nitritif anpil pou moun ak bèt. Flè li gen nekta pou abèy prodwi bon myèl. Grenn li yo rich ak lwil ki sevi pou fe manje ak lòt tip librifyan. Yo itilize plizyè pati plant-la pou prepare medikaman. Plant sa itilize pou fè baryè vivan nan konsèvasyon tè, pou fè kloti tè epi brizvan. Bwa-a mou anpil, li bon pou fè papye. Li pa fè bon chabon, epi li boule vit nan bwa chofaj. Lè grenn sèch-la pile yo itilize-l menm jan ak yon koagilan chimik ki rele alum pou pirifye dlo. Matyè solid ak bakteri yo koagile pou poze anba veso-a. Ou ka vide dlo kle-a nan yon lòt veso pou bouli-l. Itilize 100 miligram (anviwon 1 a 1 ½ ) grenn pile pou netwaye 1 lit dlo ki soti nan labou.

Kilti

  • Altitid : 0 – 1800 mèt (5400 pye)
    Lapli (Dlo) : Li tolere sechrès plis pase Moringa oleifera
    Limyè : Gwo solèy nòmal pou li, epi li tolere lonbray ki pa dire
    Tanperati : Lè tan-an lejèman jele, sa pa fè li anyen. Men si plant-la friz, l’ap mouri jouk rive
    nan nivo sifas tè-a. Lè bon sezon rive pati ki te anbe tè-a ka reboujonnen.
    Plante grenn yo 2 santimèt profondè nan tè imid. L’ap jèmen nan 1-2 semèn. Ou ka kite li grandi
    rive (6-15 m/18-45 pye) pou lonbraj oubyen (1-1.5 m/3-4.5 pye) pou fasilite rekòt.

Rekot ak pwodiksyon semans

Nou ka rekòlte plant la antye. Jèn fèy, ansyen fey ak flè, tout bon pou manje. Itilize jèn gous mens yo tankou pwa tann. Grenn vèt ki soti nan gous ki pi ansyen yo ka kwit tankou pwa vèt. Keyi gous mi yo pou nou rekòlte semans. Taye ansyen branch k’ap fleri yo pou ankouraje fomasyon nouvo branch k’ap prodwi plis fey pou rekolte

Pès ak Maldi

Morenga reziste majorite pès ak maladi, men rasin li ka pouri si tè-a two mouye.

Kwit ak nitrisyon

Fèy ak fwi morenga gen anpil Kalsyòm ak Fè, se bon sous vitamin B, A ak C (Lè yo kri) ak proteyin (asid amine ki gens ouf yo, Méthionine, Cystine). Fèy Moringa stenopetala pi laj epi pi bèl pase fèy M. olefeira. Ni jèn fèy, ni asyen fèy bon pou manje, byen ke ansyen fèy yo pi leje nan bouch. Nou ka kwit yo nan ragou, soup oubyen nan sòs tankou zepina. Si nou bouyi grenn vèt yo, yo ka manje tankou legim vet tandiske nou ka griye grenn mi yo. Flè yo komestib; yo gen menm gou ak radi. Nou ka seche flè ak fèy yo pou fè dite. Jèn gous yo fè sonje gou aspèj. Si nou pile grenn yo, kraze yo nan yon pwalon epi bouyi yo ak dlo, y’ap bay yon lwil kizin (sanble ak lwil oliv) k’ap flote sou dlo a. Toutotan lwil la rete plis l’ap vin pi rans. Si ou swete resevwa kek « resèt morenga », ekri ECHO pou mande nòt teknik reset sa.


Common Names

  • English
    • African Moringa Tree
    • Cabbage Tree
    • Malung Gay
    • Shefferew
    • Moringa éthiopien
    • Malung Gay
    • Murunga Kai
    • Sohnja
  • French
    • moringa
  • Spanish
    • Moringa

View Varieties