Kreyòl Ayisyen (ht) | Chanje Lang (Change Language)
August 26, 2019 08:00 - August 30, 2019 17:00
Gros-Morne, Haiti
Presented By: Konferans Agrikol Nò

N’ap envite w’ vin patisipe nan yon konferans kap fèt pou ranfòse koneksyon ki egziste pami sila yo k’ap travay nan sektè agrikilti nan peyi Ayiti epi pou nou ka pase tan ap aprann nan men youn lòt. Konferans lan pral fèt 26-30 out, 2019 nan lokal Gwomòn, Latibonit, Ayiti.

Konferans sa a va byen ekipe pou ankouraje diferan delege ak konferansye yo konekte ansanm epi pou yo aprann apati de siksè ak erè youn lòt. Konferans la nap fèt sou tèm santral: "Agwoforesteri, chemen pou yon ogmantasyon dirab pwodiksyon agrikòl la." Konsa tou anpil lòt konferans ap fèt sou sijè aktyalite yo, epi atelye pataj ak travay:

1. Rebwazman/debwazman/dezètifikasyon
2. Metriz jesyon dlo ak bon jesyon tè a
3. Jaden devan pòt / jaden lakou
4. Jesyon entegre basen vèsan yo
5. Agwo foresteri ….
6. Konsèvasyon sòl
7. Ekonomi sosyal, solidè
8. Antreprenarya agrikòl

 

Pou plis enfòmasyon oswa asistans, souple kontakte mesye Guy Marie, imèl konferansagrikolrejyonno@gmail.com.