Ini Book tidak ada dalam bahasa Anda, Lihat di: Kreyòl Ayisyen (ht),
Atau gunakan Google Translate:  
Bahasa Indonesia (id) | Ganti Bahasa (Change Language)

Buku ini mungkin sudah tidak dicetak.

Pandan yon moun sou late ap soufri grangou, lemonn jounen jodi a gen devwa pou li reflechi yan lot fwa anko sou kijan li konprann travay te epi kijan li konprann anviwonman an, Nou menm ki Kretyen, nou ta sipoze devan tout moun nan jan nou okipe yon kreyasyon ki ap plenn. Pou n' onore Senye nou an, nou ta sipoze trase bon egzanp devan monn sa a kote jou an jou genyen pi plis moun ki mal pou jwenn manje pou ya manje. 

Nou ekri liv sa a pou n' eseye mete Bondye na plas santral la ankon sou tout kesyon agrikol yo net. Se Bondye menm ki te plante premye jaden an. Se Li Ki te Premye Kiltivate a. Se Li ki te Premye  Ajan Forestye a. Depi n'ap konstwi sistem agrikol nou yo yon fason ki swiv belte epi divesite nou twouve nan JadenEdenn Ian, se glorifye n'ap glorifye Bondye. Se le sa temwayaj nou pou Kris klere pi lpis. Se le sa n'ap mache anve yon reyalite ki rale benediksyon pou fre se yo ki toutan ap lite avek pwoblem manke. 

Detail Penerbitan

  • Terbit: 2019
  • Penerbit: Agriplus
  • ISBN-10: 9966776133
  • Dewey Decimal: 261.83
  • Perpustakaan ECHO: 261.83 SOR