Kreyòl Ayisyen (ht) | Chanje Lang (Change Language)

Kalalou, Okra sezon sech, okra Afrik-Lwes

Abelmoschus caillei
Malvaceae

Categories


Deskripsyon

DESKRIPSYON– Se petet Polinezyen ak navigatè Azi yo ki te menmen gombo nan Afrik-Lwes. Varyete gombo sa popilè paske li bay fwi pandan tout ane-a. Fèmye yo apresye-l anpiil pou sa. Nan sezon imid li grandi pi byen pase tout lot gombo.

Itilite

ITILITE – Medisinalman, yo itilize-l pou ranplase plasma san kò. Ekos-la gen yon fib ki bon pou fè kod, lin pwason ak zatrap. Grenn gombo griye-a itilize pou ranplase kafe nan kek peyi. Tout pati plant-la komestib. Bet manje li tou.

Kilti

KILTI − Nan zòn kotyè imid Afrik-Santral, yo plante gombo direkteman nan tè. Plant la ka rive 4 m (13 pye) otè, epi dire jiska 3 ane. Lè nou retire tet boujon teminal yo, sa ankouraje pwodiksyon plis fwi. Apre rekot, nou kapab fè emondaj; si gen ase lapli, y’ap repouse. Pandan peryod kwasans plant -la, aplike yon gran kantite ire, matye oganik dekonpoze, oubyen angrè, -paske gombo afriken-an dwe prodwi anpil fey avan li fè flè. Karakteristik sa lakoz li pwodwi fwi pi ta nan sezon-an, konparativman a lot gombo yo.

  • Latitid: 11º N and 11º S 
  • Bezwen Limyè: pa plis pase 13 è soley pou longè yon jounen (Se yon plant jounen kout li ye) 
  • Sol: Li grandi byen nan tè sablo-limone byen drene, ak pH 6-7, epi anpil matyè oganik 
  • Jèminasyon: Tranpe grenn yo pou 24 è 
  • Espas plantasyon/pwofondè: 16-45 sm (8-24 pous) distans, 1 sm (½ pous) pwofondè nan tè-a 
  • Lapli: Li tolere sezon sechres yo.

Rekot ak pwodiksyon semans

REKOT & PWODIKSYON SEMANS − 8 semenn apre plantasyon, nou ka rekolte gombo Afriken-an. Kapsil li yo gen koulè fonse oubyen rouj-vet, pafwa yo gen kouvri ak pwal oubyen epin. Nou dwe rekolte fwi-a chak 3-4 jou apre florezon (byen jenn). Toutotan fwi-a pi piti li gen plis valè sou mache-a; vet oubyen sech. Li ka rete tann 6-7 jou. Si pwent fwi a rete dwat san koube, sa vle di li frech. Si fwi a rete pou 5 semenn nan pye, l’ap chanje koulè, l’ap vin mawon. Se lè sa li pare pou fè semans. Pou pwoteje men nou pandan rekot kont kapsil di yo, epi kouvri ak epin sech, nou dwe mete gan. Louvri kapsil yo sou yon gwo pwela nan soley. Konsève yo nan kontenè kote yo ensek p’ap pike yo. Grenn yo ka rete viab pou anviwon 5 ane, men yo dwe rete nan kapsil-la jouk nou deside plante yo

Pès ak Maldi

MALADI AK PES – P’ap gen gwo risk atak pes si nou plante gombo Afriken-an nan ti kantite. Nan ka nou vle fe gran plantasyon, pare kont atak kriket, mouch po-di, chini koton, ak poud mildiou. Li rekomande pou fè rotasyon plantasyon, itilize varyete rezistan, retire cheni ak men, detwi plant malad ak tout rezidi apre rekot. Aspèje ak pyrethoid. Mezi sa yo ede kontwole pes

Kwit ak nitrisyon

KONSOMASYON AK NITRISYON − Nou mete nan soup kapsil gombo-a. Fey ak fwi k’ap grandi ka fri nan gres tankou akra. Nou ka chanje teksti kapsil-la si nou ajoute yon ti-ji sitwon sou li pou bouyi-l. Li pran plizye jou pou seche kapsil dekoupe yo, konseve, epi pile fè poud pou sos pwason ak vyann. Nou ka prese grenn yo pou bay lwil oubyen moulen. Lwil ka fè manje nòmalman. Fey gombo Afrikenan gen plis pwoteyin, ak mwens misilaj pase kapsil-la. Fwi-a bon sous Vitamin C ak kalsyom.


Common Names

  • English
    • African Okra
    • Quimbombó
    • Quimbombótardio
  • French
    • gombo ouest-africain
    • gombo
  • Spanish
    • Quimbombo Africano
    • Quimbombó De Temporada Seca
    • Quimbombó Del Oeste Africano

View Varieties