Byenveni

Sa a se yon koleksyon resous agrikol ECHO genyen nan kreyòl.  Dokiman yo te pwodwi pa ECHO depi plizyè ane. Nou yo ka itil pou kiltivatè Ayisyen avek moun ki ap travay ak kiltivatè an Ayiti.

Fich Teknik (Technical Note)

  Poud Fèy Morenga (Moringa Leaf Powder)

Fey pye morenga gen anpil nitrisyon.  Moun ka manje yo frech, bouyi oubyen seche. Fey morenga seche kenbe tout eleman nitritif li yo, epi se posib pou transfome yo poud. Le genyen yon abondans fey, nou kapab fe poud ak yo fasilman pou konseve.  Poud fey morenga se yon ekselan sipleman nitrisyonel.  Nou ka mete poud la nan nenpot manje.

Enfòmasyon Plant (Plant information)

  Gombo Afriken (African Okra)

Se petet Polinezyen ak navigatè Azi yo ki te menmen gombo nan Afrik-Lwes. Varyete gombo sa popilè paske li bay fwi pandan tout ane-a. Fèmye yo apresye-l anpiil pou sa. Nan sezon imid li grandi pi byen pase tout lot gombo.

  Kalalou (Okra)

Kek enfomasyon fè kwè gombo soti nan Afrik-Les, li byen posib se Etyopi. Konsa, vwayajè mennen li nan nò Afrik, Mwayen oriyan, epi zon Sid Ewop ak End; nan mitan 17èm syèk li rive nouvo mond. Yo sevi gombo pou anpil bagay. Moun fè jaden gombo espesyalman pou rekolte fwi li (kapsil) yo san rèk, epi bouyi yo tankou legim. Yo ajoute li nan soup ak bouyon pou rann li pi pwes. Tout pati plant-la komestib, fey, fwi ak flè.

  Gous Zorèy (Northern Black Wattle)

Se yon plant natif-natal Sanvann Papwa nan Nouvel Ginen ak rejyon tropikal Nò Ostrali. Entwodiksyon-l te fet nan Fiji, End, Endonezi, Java, Malezi, Nijè, Nijerya, Filipin, Tanzani, Tayland, il Salomon yo, Ouganda, ak Zanziba. Fey Akasya toujou vet. Li bay bel flè jòn klè. Pyebwa sa grandi vit pou rive nan tay medyom 8-30 m (26-100 pye) otè. Dyamet twon an varye bò 60 sm (24 pous). Li fikse azot nan tè byen, epi li rejenere rapidman. Akasya gen abilite pou viv plis pase 20 ane nan tè ki kontamine ak debri iranyom.

  Amarant Grenn/Zepina Peyi (Grain Amaranth)

Istwa rapòte konsomasyon grenn amarant depi nan sivilizasyon Aztek Meksiken yo. Amaranthus cruentus grandi fasil epi li pwodwi legim nitritif. Li pami legim ki pwodui plis fey nan rejyon twopikal yo. Konsantrasyon pwoteyin nan fey li yo wo anpil. Moun bay li gwo enpotans pou kapasite nitrisyonel li, epi li pa koute chè nan mache lokal yo.

  Amarant Fèy (Amaranth Tricolor)

Nan rejyon imid Afrik, Azi, ak Karayib, yo kiltive amarant fey an abondans. Amarant fey pa pwodwi anpil grenn, men tanzantan plant la lage grenn pou asire perenite espes-la jiskaske jaden-an sanble yon chan zeb.

  Zepina Malaba (Malabar Spinach)

Zepina malaba se yon lyann ki grenpe sou lot plant. Nan rejyon twopikal yo li perèn, men nan rejyon cho tanpere yo, li anyel. Bel fey vet fonse oubyen rouj ak tij blan li yo pare pou manje 57 jou apre plantasyon.

  Benzolive (Moringa oleifera)

Morenga ke yo rele “ Benzoliv”, soti nan Nòdwès peyi End. Moun itilize plant sa anpil fason.  Fèy ak fwi morenga gen anpil Kalsyòm ak Fè, se bon sous vitamin B, A ak C (Lè yo kri) ak proteyin (asid amine ki gen souf yo, Méthionine, Cystine).

  Morenga Afriken (Moringa stenopetala)

Morenga stenopetala rele “Morenga afriken” paske li soti Selman nan Etyopi ak Nò Kenya. Menm lè li gaye nan anpil peyi tropical kounye-a, li pa gen repitasyon pwòch paran li Moringa oleifera. Tout pati plant sa ka manje, eksepte bwa-a. Aliman li bay yo nitritif anpil pou moun ak bèt.

  Pwa Velvet (Velvet Bean)

Velvet se yon pwa ki gen anpil valè nan asosyasyon ak mayi, reabilitasyon tè ki pa rann, epi kontwol move zeb. Li pwodwi lyann 10-25 pye longè ou plis, li kreye yon kouveti dans pou tè-a, sa pemet yon bon payaj ki elimine move zeb tankou gore, zeb bemid, zeb enperata. Pwa velvet se yon legim enpotan nan fikse azot nan tè.

  Flè Papay/Chaya  

Flè Papay/Chaya (Cnidoscolus aconitifolius) deja ap grandi nan anpil lakou, nan tout Ayiti, men poko gen anpil moun nan Ayiti ki kon valè li gen. Chaya se yon manje tradisyonel nan Amerik Santral. Chaya gen gran valè nitrisyonèl, pwopagasyon fasil, pwodiktivite li wo, li ka grandi nan kondisyon difisil e gen rezistans vèmin ak maladi yo. Tout sa fè flè papay yon plant ki gen anpil valè ak gwo potansyèl ki ta ka benefisye moun yo anpil nan plizyè rejyon.

Liv (Books)

An Nou Repare Tè Nou, edited by Dan Fountain

An Nou Repare Tè Nou montre kijan lidè legliz yo ak lot lidè nan kominote a te relize, tè a k’ap pwodwi manje pou nou manje a, te komanse fatigue, e forè yo ki se sous anpil lòt bagay pou nou ap disparèt. Nou te konnen Bandye te bannou responsabilite pou nou pran swen ak pwoteje resous natirèl yo li te kreye ak dwa li te bannou pou itilize yo. Sou sipèvisyon Pastè Simon, moun nan kominte Katindi te fè kèk chajman ki ogmante fètilite ak pwodiksyon tè a, e komanse rebwaze, repare forè yo ki te preske disparèt. Pwogrè moun nan Katindi te fè, te ankouraje moun nan lòt kominote pou fè menm chajman an tou. Reparasyon forè yo ak tè yo, amelyore lavi moun yo ak manje y’ap manje.