Kreyòl Ayisyen (ht) | Chanje Lang (Change Language)

ftfpeanutlab.caes.uga.edu/content/da..._Guyana.pdf

PREMYE OBJEKTIF yon plantè ki gen siksè se pwodui yon gwo kantite pistach pandan l ap kenbe frè pwodiksyon ba otank posib.

Pifò plantè pistach ki gen siksè kontwole danre yo avèk prekosyon. Plantè pistach yo kapab vle envesti lajan yo nan faktè pwodiksyon tankou ekipman, angrè ak pestisid, men sèlman an kantite k ap fè yo fè lajan!

DEZYÈM OBJEKTIF la se pou vann pistach la nan pi bon pri!

Pifò plantè pistach ki gen siksè travay pou amelyore rannman an. Pou fè sa, yo ogmante RANNMAN yo POU CHAK AK TÈ. Plantè ki efikas yo ogmante pwofi yo lè yo pwodui plis pistach sou menm kantite tè a. Sa pèmèt yo ekonomize nan depans pou MENDÈV ak pou kantite semans ki nesesè.

Pifò plantè ki gen siksè fè plan avèk prekosyon pou mache a; yo pwodui ase pistach pou vann nan bon pri men yo pa pwodui twòp pistach.