Kreyòl Ayisyen (ht) | Chanje Lang (Change Language)

ftfpeanutlab.caes.uga.edu/content/da..._Creole.pdf

Pistach se yon danre ki enpòtan an Ayiti. Preske tout moun nan peyi a renmen manje manba oubyen pistach griye, paske li chaje ak pwoteyin epi li bon pou lasante, Kilti pistach pèmèt agrikiltè fè anpil kòb. Pa gen anpil lòt danre ki ka fè menm kantite kòb sa a nan menm ti bout tan pwodiksyon an. Yo gen yon bon rezistans kont sechrès epitou yo ka bay yon bon rannman san itilizasyon anpil entran.

Menm si kilti pistach popilè anpil an Ayiti, genyen anpil posibilite pou ogmante kantite pistach nou ka pwodwi pou fasilite plantè yo ka fè plis kòb.