Kreyòl Ayisyen (ht) | Chanje Lang (Change Language)

Gous Zorèy, Akasya, Akasya

Acacia auriculiformis
Leguminosae


Deskripsyon

Se yon plant natif-natal Sanvann Papwa nan Nouvel Ginen ak rejyon tropikal Nò Ostrali. Entwodiksyon-l te fet nan Fiji, End, Endonezi, Java, Malezi, Nijè, Nijerya, Filipin, Tanzani, Tayland, il Salomon yo, Ouganda, ak Zanziba. Fey Akasya toujou vet. Li bay bel flè jòn klè. Pyebwa sa grandi vit pou rive nan tay medyom 8-30 m (26-100 pye) otè. Dyamet twon an varye bò 60 sm (24 pous). Li fikse azot nan tè byen, epi li rejenere rapidman. Akasya gen abilite pou viv plis pase 20 ane nan tè ki kontamine ak debri iranyom.

Itilite

Bwa-a bon pou boule. Se yon onemantal ki fè lonbraj. Li bon tou pou fè meb ak zouti. Tanen ki nan A. auriculiformis-la bon pou vènisaj tchwi, tente-l rouj tankou li te ekspoze a soley. Yo itilize-l tou pou make limit teren, reabilite tè erode, reforestasyon, pou fè lonbraj tankou plant onemantal.

Kilti

• Altitid: 0-600m (0-2000pye)
• Sol: tolere sol konpakte, enstab, alkalin, asidik, ki kenbe dlo ou sek.
• Lapli: reziste sezon sechres pou 120-240 jou
• Jeminasyon: pi bon si grenn yo tranpe nan dlo 24 è avan plantasyon.
• Latitid: 7-20°S
Li grandi natirelman nan te-ba, kotyè, bo kouran dlo, nan savann ak zon adjasan mangrov, deyè plaj. Li grandi tou nan pant red. Van kase branch li yo fasilman. Plant la two rezistan nan dife.

Rekot ak pwodiksyon semans

Northern Black Wattle ka grandi rive 20m (65 pye) nan ka rotasyon chak 10 ane. Semans yo konsève pou 18 mwa si yo pa ekpoze nan van lib. Bwa li pa di. Kote bwa sa plante anpil plantil leve paske li jete anpil semans. Lè twon-an koupe li rejenere rapidman. Nan yon ane li ka pwodwi 10-20 m3 bwa pou chak ekta (ha).

Pès ak Maldi

Jouk kounye-a pa gen anpil enfomasyon sou pes ki atake A. auriculiformis (Akasya zorey-la), ni maladi. Nan kek pepinye Endonezi, yo te rankontre: maladi champiyon Uromyces digitatus bay. Maladi sa afekte kwasans plant yo, pouriti rasin Ganoderma lucidum ak G. applanatum lakoz, ak poud mildou Sphaeroteca spp. Bay. Nan End te gen pwoblem ak Hypomeces squamosus, epi nan Ostrali te gen problem borè ak tèmit ki andomaje madriye. Zanziba te rapote kek ensek ak kek nematod ki andomaje plantil.


Common Names

  • French
    • northern black wattle
  • English
    • Northern Black Wattle
    • Kasia
    • Ear Leaf Acacia
    • Auri
    • Akasya

View Varieties