Bon nouvèl pou kominote nou an nan Amerik Santral ak Karayib la (CAC)!
Published
2025-08-19.png?w=600)
Sant Echo Pou Enpak Rejyonal la (RIC) gen yon biwo kounyeya nan Antigua Guatemala
Dirèktè rejyonal nou an deja sou plas, e l ap pran premye etap yo pou mete espas sa a an fonksyon. L'ap konstwi ekip la ki pral ede l fè pwosesis la avanse pou nou ka sèvi ou nan pi bon fason ki posib
Dezi nou se pou Sant Echo Rejyonal la pou Amerik Santral ak Karayib la vin yon zouti vivan ki itil pou ou menm k’ap mache bò kote fanmi ak kominote yo ki afekte pa grangou ak malnitrisyon.
Vin jwenn nou nan pakou sa a, ak espwa ak angajman!
Ansanm avèk ou, n’ap chèche kontinye travay pou konbat grangou ak malnitrisyon nan rejyon nou an, epi pou ankouraje yon modèl alimantè ki jis, ki dirab, epi ki bay lavi pou glwa Bondye.