Kreyòl Ayisyen (ht) | Chanje Lang (Change Language)

Zika se yon maladi yon kalite viris ki rele flaviris lakòz. Moun pran viris sa a espesyalman lè yon marengwen ki sòti nan fanmi moustik ki rele Aedes la mòde yo. Se menm marengwen sa yo ki bay moun lafyèv deng, chikoungounya, ak lafyèv jòn. Gen ka kote moun pran maladi a nan fè bagay oswa yon fanm ansent ki gen enfeksyon an pase li bay tibebe nan vant li. Pifò moun ki atrape maladi viris Zika a pa santi okenn sentòm. Gen lòt moun ki gen lafyèv, ti bouton sou po tankou granfe, je wouj, ak doulè nan zo jwenti yo. Kèk moun konn di yo gen doulè nan vyann kò yo, kò kraze, oswa tèt fè mal. Nòmalman sentòm sa yo ap dire de (2) a sèt (7) jou. Nan moman sa a pa gen okenn tretman oswa vaksen espesyal pou pwoteje moun kont maladi viris Zika a. Ekspè ak chèche yo toujou ap eseye konprann maladi sa a ak konplikasyon li yo pi byen. Gen anpil bagay yo poko konnen. Tanpri ale sou sitwèb www.WHO.int pou dènye enfòmasyon yo genyen sou Zika. Selon yon rapò Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) ki rele VIRIS ZIKA, MIKWOSEFALI, AK SENDWÒM GUILLAIN-BARRÉ 14 AVRIL 2016 "Apre plizyè rechèch ki te fèt, gen konsansis syantifik viris Zika a lakòz mikwosefali, sendwòm Guillain-Barré ak lòt malfòmasyon nan sistèm nève santral (sèvo ak rèldo) tibebe nan vant." Epi li site twa etid sa yo 12, 13, 14. 12 http://www.nejm.org/doi/full/10.1056/NEJMp1602708 13 http://www.nejm.org/doi/full/10.1056/NEJMsr1604338 14 http://www.who.int/mediacentre/factsheets/zika/en/ Animasyon sa a dekri fason moun pran maladi sa a, ki se prensipalman nan marengwen Aedes yo, epi li bay kèk enfòmasyon anplis sou abitid marengwen sa yo. Videyo sa a montre plizyè bagay ou kapab fè pou evite pran maladi sa a, tankou sa ou kapab fè pou pwoteje tèt ou deyò ak anndan kay ou ak kenbe anviwònman ou pwòp; bagay sa yo kapab ede ou anpeche marengwen mòde w. An nou tout pran responsablite chak jou pou ede Zika sispann gaye epi ede evite kè sote ak maladi li kapab pote nan kominote nou yo!