Kreyòl Ayisyen (ht) | Chanje Lang (Change Language)

Eske ou bezwen yon remèd pou parazit ki efikas e ki pa koute chè? Oubyen èske ou pito pran yon remèd natirèl, si li efikas? Nan ka sa, ou bezwen sèvi ak grenn papay.

Yon etid ki te fèt nan peyi Nijerya te dekouvri ke grenn papay gen menm efikasite ak grenn famasi e li pa pwodui okenn efè segondè. Apre yon sèl doz, grenn papay yo te retire ant 71 e 100% nan parazit nan kò pasyan yo.

Parazit konn rantre nan entesten moun pi souvan pase moun kwè, menm nan peyi devlope. Non sèlman yo ba moun vant fè mal e fè yo pèdi pwa, men yo kapab afekte konsantrasyon e eta mantal yon moun. Yo kapab lakòz yon moun gen malnitrisyon ak tout pwoblèm sa pote. Nan kèk peyi k'ap devlope toujou, enfeksyon parazit kapab tounen yon epidemi. Se sa k' fè li bon pou moun konnen ke grenn papay, ki soti nan fwi papay la, kapab touye parazit. Konsa, menm moun ki pi pòv yo kapab gen aksè a yon trètman ki efikas e ke kò a kapab sipòte.