Kreyòl Ayisyen (ht) | Chanje Lang (Change Language)

Dokiman rezo ECHO yo an Ayiti bay pou sèvi kreyòl la.

26 Issues in this Publication (Showing 21 - 26)

Gid Latrin Vetivè

Yon "ki jan yo" gide kap pèmet ou enstale avèk siksè yon latrin natirèl, dirab ke yo fè avèk zèb vetivè

Yo Itilize zèb vetivè (Chrysopogon zizanioides) pou ranplase yon gro twou miraye an blòk ak sima, yo fèl pou sèvi en prive epi li ede dekonpoze dechè yo.Ou ka plante pye Bannann ak pye papay ozalantou ranje zèb yo pou yo bay bon rekòt fwi .Zèb vetivè ka fè rekòlt epi itilize pou plizyè lòt bagay.

 

An Ayiti, depans pou materyèl yo ka menm jan $ 25 (1 / 10yèm nan moun ki nan yon latrin konvansyonèl).

Wouy Fèy Kafe - Treating Coffee Leaf Rust

Pwosesis preparasyon
Wap rache fen fèy lantana, nim ak sitwonèl yo ak mete yo nan yon bokit 5 galon avèk poud kanèl la nan yon dlo cho (50° C/120°F). Pou rive gen tanperati sa, wap ranpli yon bokit 5 galon nan mwatye avèk dlo ak tanperati natirèl (anbyant). Answit, wap pran dlo bouyi pou ranpli rès bokit la epi brase l pandan wap ajoute tout engredyen yo ladan l. Aprè wap kouvri li ak lèse melanj lan, tranpe pandan 24-48 èdtan. Fini ak peryòd sa a, ou pral pran melanj sa a pou ou vide l nan yon pilverizatè kote wap itilize yon moso twal pou koule l pou retire materyèl vejetal yo ak lòt bagay ou pa bazwen yo. Pou fini, ajoute yon kiyè (moun konn manje yo) savon likid ak 50 gram bikabonat soud nan pilverizatè ak brase l byen brase pandan 5 minit. Aprè sa a, melanj lan prè pou aplikasyon l sou pye kafe yo. Aspèje fèy yo nan pati enferyè yo sitou jiska gen gout dlo kap tonbe atè.

Flè Papay / Chaya

Flè Papay/Chaya (Cnidoscolus aconitifolius) deja ap grandi nan anpil lakou, nan tout Ayiti, men poko gen anpil moun nan Ayiti ki kon valè li gen. Chaya se yon manje tradisyonel nan Amerik Santral. Li pwodwi anpil bèl gwo fèy vèt fonse. Nouvo fèy yo parèt touswit apre rekòt yo. Foto 1, moutre 2 varyete. Yon ki sanble anpil ak fèy papay epi lòt ki pa sanble. Pi souvan nan Ayiti nou jwenn varyete ki sanble anpil ak fèy papay. Varyete sa ka gen kèk ti cheve pikan nan tij li k’ap piki moun tankou gèp depi li antre nan po mens tankou do men. Li pa ka pike pla men epi li pa ka pike apre li kwit.

Abondans Agroforesteri - 2019-01-20

Se Ernst Götsch ki devlope fòm agrikilti sentwopik la. Fòs li se nan aliyman ak pouvwa diferan etap ekolojik. Se yon fenomèn ki dinamik. Natirèl ki swiv nati a pou rejenere peyizaj degrade, fè tè ki paka pwodui vin pwodui epi kouvri yo ak anpil vejetasyon.

Ernst te dekouvri ke pwosede sa a evolitif epi gras ak koperasyon apil èt vivan yon fason ki pwofite tout sistèm lan. Nou tout prèske opoze ak vizyon Darwin nan, nan evolisyon an, ki wèl kòm konpetisyon. Sepandan sak konsidere tankou konpetisyon oubyen destriksyon andedan anviwònman natirèl la fè yon tantativ pou deplase nan direksyon ekilib la, yon fason ki bon pou ekosistèm lan.

Avèk nouvo fason yo wè agrikilti an, yon fèm se yon inite intèlijan epi yon òganis vivan ki konsakre pou li evolye avèk tan. Pou li ka reyalize, anpil konplèks enteraksyon pral pwodui nan plant ak bèt yo, epi tout èt vivan yo pral jwe yon wòl enpòtan nan prosesis lan. Lè sinèji yo vin fasil epi anplifye ak yon agrikiltè, fèm lan pral transfòme kòm yon òganis ki fò, sen epi fleksib (reziste ak reprann).

Gid Pou Konbat Parazit ak Grenn Papay - 2016-01-20

Eske ou bezwen yon remèd pou parazit ki efikas e ki pa koute chè? Oubyen èske ou pito pran yon remèd natirèl, si li efikas? Nan ka sa, ou bezwen sèvi ak grenn papay.

Yon etid ki te fèt nan peyi Nijerya te dekouvri ke grenn papay gen menm efikasite ak grenn famasi e li pa pwodui okenn efè segondè. Apre yon sèl doz, grenn papay yo te retire ant 71 e 100% nan parazit nan kò pasyan yo.

Parazit konn rantre nan entesten moun pi souvan pase moun kwè, menm nan peyi devlope. Non sèlman yo ba moun vant fè mal e fè yo pèdi pwa, men yo kapab afekte konsantrasyon e eta mantal yon moun. Yo kapab lakòz yon moun gen malnitrisyon ak tout pwoblèm sa pote. Nan kèk peyi k'ap devlope toujou, enfeksyon parazit kapab tounen yon epidemi. Se sa k' fè li bon pou moun konnen ke grenn papay, ki soti nan fwi papay la, kapab touye parazit. Konsa, menm moun ki pi pòv yo kapab gen aksè a yon trètman ki efikas e ke kò a kapab sipòte.

Konferans Agrikol 2000 - 2000-01-20

Haitian only.